Skip to main content

BÒN FÈT MANMAN

An jeneral, moun swete moun bòn fèt se lè dat anivèsè nesans yon moun rive. Se toujou yon moman ki pote anpil kè kontan makonnen ak emosyon jou sa a ka mennen. Konsa tou gen kèk moman nan kalandriye anyèl yo ki konsidere kòm dat senbolik nan lide pou yo imòtalize, komemore osinon onore yon franj nan sosyete a, yon moniman oubyen yon senpatwon relijye. Nou jwenn jan de tradisyon sa yo tout kote sou latè menm si tout kote pa toujou gen menm orè pou chak aktivite yo tankou pa ekzanp jou selebrasyon fèt tout manman yo ki pa rive nan menm dat nan tout peyi. 


Se sa k fè nan peyi tankou Lèzetazini ak Kanada pou n pa di plis, se dezyèm jou dimanch nan mwa me a yo fete poto-mitan fanmi yo. Tandiske, nou menm ayisyen nan kilti nou se dènye dimanch la nou onore bèl nègrès, fanm vanyan, sous lavi nou yo tankou:

 Manman cheri, 

jodi a se fèt ou, 

m ap raple w mwen renmen ou,

menm jan ou menm tou ou renmen m, 

mwen konnen ou fè anpil bagay pou mwen, 

ebyen jodi a m ap redi ou mèsi! 

Manman, 

pou nou fete ak ou, 

yon sèl jou pa ase, 

yon fwa pa ane nou selebre, 

men fèt ou se chak jou.  

Jou fèt manman, 

yon jou tankou tout jou men ki diferansye l pami tout lòt yo pa espesyalite l, 

se jou tout pitit ofri manman yo bèl kado, flè, 

bèl akolad epi glise bon ti pawòl nan zorèy li nan lide pou raple l jan l enpòtan pou yo, 

di l kèk bèl ti mo ankourajman

Manman, pou m fete ak ou, yon boukè pa ase, pou okazyon fèt ou, yon bòn fèt pa ase. 

Kite m reple w ou se sous lavi m manman, ou toujou la nan tout moman, pou mwen ou tèlman enpòtan, si w pa t ekziste fòk mwen ta kreye w franchman.

Kalite fanm vanyan ou ye a, pa gen pawòl ki ka atenn nivo sa a,    manman, kòm fèt la p ap janm fini, konsidere nou renmen w plis chak jou jis lavi fini. Dat fèt manman, se moman tou ki chaje ak emosyon. Se youn nan jou nan ane a ki fè anpil moun ki gen pitit plezi sitou lè refren sa a "bòn fèt manman" pran kleronnen nan bouch tout timoun, jenn kou granmoun fò w ta di se lè Pipirit ak Wosinyòl ap jwe twonpèt bò larivyè nan douvanjou.


Se moman tou ki fè nan je anpil lòt, dlo koule tankou w ta di se lè larivyè desann epi pote ale tout bèl ti flè ak ti pay sèch k ap tawoze arebò. Ou menm ki wè sa, konnen se swa manman yo pa menm kote ak yo, oubyen paske aksidan lavi fè vwèl avè l pou peyi san chapo. Tout sa se siy ki moutre klè kou klèwòz lanmou manman se bagay ki chè, enpòtans li merite pou tout moun alawonnbadè respekte yo, renmen yo, fete ak yo chak jou livi pote, paske san yo lavi li menm te ka pa ekziste.

Extensive presse ap swete ak tout manman alawonnbadè yon bòn fèt, nan kouraj, lanmou ak anpil lajwa. Tèks sa ak videyo sa se pou nou.💖💖💖


Otè: Mikenson MERZIL

Tèks6 espesyalite fèt manman.

Comments

Popular posts from this blog

TRADISYON FÈT MANMAN

Otè : Christina Juliana VILMÉ Menmjan ak tout lòt fèt, fèt manman an gen orijin pa l tou.  Dapre sa listwa rakonte, fèt sila rive pran nesans nan mitan ansyen sosyete ki te egziste nan tan lontan yo, sitou avèk sivilizasyon ki t ap evolye nan epòk sila. Toujou nan menm lanse sa, yon ansanm enfòmasyon retrase yon bon kantite demach ki pèmèt fèt sa rive akouche jounen jodi, jiskaske l menm vin rive gen yon jou espesyal pou yo selebre li. Nan ka sila, ansanm ansanm ann foure zo plis nan kalalou pou n wè kote kokenn chenn selebrasyon sa sòti . Si n ap elaji kad sila, dapre sa listwa rapòte, tradisyon fèt manman an pran orijin li nan mitoloji grèk la, kote nan Lagrès antik nan sezon prentan, popilasyon sila te konn onore deyès " Rhéa " oubyen ankò " Cybèle " non yo ba li nan mitoloji women an. Deyès sila te renmen ak yon frè l ki rele " Cronos " epi pitit li yo te rele " Hestia, Déméter, Héra, Hadis, Poséidon  epi Zeus ". Pawòl yo menm al pi lwen ...

LES 230 ANS DE LA CÉRÉMONIE DU BOIS CAÏMAN

L'histoire retient "Bois Caïman" comme patrimoine, monument historique de l'histoire de la colonie de Saint-Domingue, Document non écrit et grand artisant de la proclamation de l'indépendance haïtienne en 1804. Faite en date du 14 août 1791 sous l'aubédience de Dutty Boukman prêtre de vodou né vers 1767 dans la région de la Sénégambie (aujourd'hui Sénégal et Gambie). Capturé, il est vendu puis acheminé vers les Caraïbes principalement à Jamaïque  avant d'être expédié vers Haiti. Esclave de la plantation Turpin dans la plaine du Nord de Saint-Domingue,  Il est d'une haute taille et d'une force physique sans égale telle que, son maître l'a nommé commandeur (c'est-à-dire contremaître), puis cocher poste de confiance. (https://fr.m.wikipedia.org/wiki/) Dans la nuit du 14 août 1791 il a fait réunir les insurgés noirs de la colonie à Bois Caïman lieu reculé de la plantation Lenormand de Mézy dans une cérémonie vodouesque visant à soulever les...

Bienvenue à votre rubrique tant attendue Aki-kilti.

  Aki-kilti Bonjour/ bonsoir à toutes et à tous. J'espère que vous allez super bien grâce à Dieu. Encore une fois pour aujourd'hui, Aki-kilti est à vos portes pour une toute nouvelle ballade. Alors c'est parti !  "If i die young" Si je meurs jeune «  If I Die Young  » est une chanson écrite par Kimberly Perry et enregistrée par le trio de  musique country  américain  Band Perry  . Il est sorti le 8 juin 2010 en tant que deuxième single du  premier album éponyme du groupe  , sorti le 12 octobre 2010. "Si je meurs jeune" Unique par la bande Perry de l'album The Band Perry Publié 8 juin 2010 Genre Pays pâturin Longueur 3:43 (version album) 3  :  35  (mélange simple pop) Étiqueter République Nashville Auteur(s)-compositeur(s) Kimberly Perry Producteur(s) Nathan Chapman Paul Worley La chronologie des singles du groupe Perry "  Hanche à mon coeur  " (2009) "  Si je meurs jeune  " (2010) "  Tu mens  ...