Skip to main content

TRADISYON FÈT MANMAN

Otè : Christina Juliana VILMÉ

Menmjan ak tout lòt fèt, fèt manman an gen orijin pa l tou.  Dapre sa listwa rakonte, fèt sila rive pran nesans nan mitan ansyen sosyete ki te egziste nan tan lontan yo, sitou avèk sivilizasyon ki t ap evolye nan epòk sila. Toujou nan menm lanse sa, yon ansanm enfòmasyon retrase yon bon kantite demach ki pèmèt fèt sa rive akouche jounen jodi, jiskaske l menm vin rive gen yon jou espesyal pou yo selebre li. Nan ka sila, ansanm ansanm ann foure zo plis nan kalalou pou n wè kote kokenn chenn selebrasyon sa sòti.


Si n ap elaji kad sila, dapre sa listwa rapòte, tradisyon fèt manman an pran orijin li nan mitoloji grèk la, kote nan Lagrès antik nan sezon prentan, popilasyon sila te konn onore deyès " Rhéa " oubyen ankò " Cybèle " non yo ba li nan mitoloji women an. Deyès sila te renmen ak yon frè l ki rele " Cronos " epi pitit li yo te rele " Hestia, Déméter, Héra, Hadis, Poséidon epi Zeus ". Pawòl yo menm al pi lwen pou fè n konnen nan menm okazyon sa tou yo te kon fete fètilite latè, fegondite sou tout fòm ak matènite (sitou pou manman ki gen plis pitit yo) chak 15 Mas nan kalandriye women an. 

Pilwen toujou, istwa aprann nou, vrè sans selebrasyon fèt sila te koumanse ak Women yo, kote yo menm te bay gwo evenman  sila yo te konn fete chak premye (1e) Mas nan yon ane a yon non "Matronalia" ki se yon fèt pou fè lonè tout matwòn ( tout madan marye oubyen tout manman pitit ki plase nan kay) nan epòk la.

Toujou nan menm linye sa, pou Krisyanis la menm se "Marie" manman Jezi, listwa prezante. Sa ki fè tousuit apre kèk peyi tankou Wayomini ak Iland ta pral vin batize fèt sila ki te toujou rete ak aspè relijyez li " Mothering sunday", kote anbyans ofisyèl sila te tou vin kenbe. 

Anplis, chak peyi te vin koumanse ap enskri fèt sila nan rejis tradisyonèl yo,  kote peyi Etazini te vin rive adopte l nan lane 1870 avèk Anna Jarvis, Lafrans li menm se nan lane 1906 avèk Prosper Roche nan vilaj Artas zòn Isère, kote yo te rive onore 2 manman ki te gen 9 timoun. 

Apresa, soti nan lane 1918 pou bout nan lane 1920, yo te pran abitid pou fete manman ak anpil pitit yo, jiskaske yo te rive ofisyalize jounen sila nan lane 1929.

Nan lane 1941, ak konkou Maréchal Pétain nan plan li ak politik natalis li te rive mete sou pye, fèt manman te rive enskri nan kalandriye peyi Lafrans, sa ki pa diferan pou anpil lòt Eta tankou Bèljik, Kanada ak peyi Lasuis,  kote yo te rive selebre li chak dezyèm dimanch mwa Me, epi kèk peyi tankou: Ayiti, Lafrans se dènye dimanch nan mwa a yo konsakre ak kokenn evenman sila a.

Tradisyon fèt manman nan tan lontan ak kounye a pa menm dapre konsta, sitou ak anplè ( evolisyon) fèt sila vin pran jounen jodi, kote si n ap gade byen, nan tan lontan li te plis baze sou espirityalite ak deyès yo,  yo te konn ap venere  nan Lagrès ak Wòm, epi se menm ka pou krisyanis lan li menm ak manman Marie... Jounen jodi a menmsi fèt sila ret chita nan yon kad espirityèl tou, menmsi yo fete l nan legliz katolik ak pwotestan, men tou se yon fèt senbolik ki mache ak divès kado tankou: flè, kat, anpil bo, akolad...san konte lòt kado ankò. Anplis, li vin akonpaye ak yon seri anbyans: powèm , eslam, mizik manman, sòti familyal elatriye. 

Menmsi fanm pa t ase valorize nan tan lontan,  sa pa anpeche yo te akòde yo yon jou espesyal nan yon ane pou selebre yo, sitou se yo ki pot timoun, ki bay epi mete plezi ak lavi nan fwaye yo, yo se pi bon konseye pou mari yo sou latè, menmsi anpil lòt moun avanse pou di yon grenn jou pa ase pou manman yo fete sa ta dwe fèt chak jou.


Pou n fini, tradisyon fete manman an te egziste depi byen lontan nan listwa, dapre sa yo fè n konnen, kote se nan Lagrès antik ak venerasyon yon deyès pèp sila te konn fè ki rele " Granmè", Rhéa" apre Women yo ki te vin pase nan venere fanm marye yo nan mwa mas, sitou nan pwryòd prentan, kote yo te konsakre l ak fegondite tou, swa nan tè oubyen lakay moun oubyen kote bèt yo; sa ki koz tradisyon sila tout vin rete, jiskaske nan lane 1918-1920 Etazini te vin adopte l, epi an 1941 Lafrans rive rann li ofisyèl bò kote pa li. Sa ki pa diferan pou kèk lòt peyi, pou n site peyi d Ayiti, kote yo rive rezève dènye dimanch mwa Me a pou fete yo. Toutpandan, n ap mansyone chak peyi gen jou pa yo ak fason pa yo yo fete l, men yon sèl bagay ki rive lye yo se kado yo ki preske menm. Si tradisyon sa ki soti nan tan lontan epi li toujou respekte jouk kounye a nan lemond jis pou manman; nan ka sila, kouman chak moun ta dwe fete epi wè manman yo ? 


Videyo sa pataje ak tèks sa ekri nan lide pou fè lonè ak tout manman nan lemonn, e sa ki vivan e sa ki mouri. Anpil lanmou pou nou.


Otè : Christina Juliana VILMÉ

Tèks 2 :  espesyalite fèt manman

extensivepresse@gmail.com

Comments

Popular posts from this blog

Le Système Judiciaire Haïtien : Problèmes et Perspectives

  Éditorial Crédit photo : www.google.com L’organisation sociale d’une communauté humaine, en dehors des relations interindividuelles qui la façonne, suppose l’agrégation d’un ordre qui construit et régule tout processus qui concourt, soit à la formation des structures étatiques, soit à des structures simplement civiles. En fait, les rapports qu’entretiennent les individus entre eux sont souvent sujets à se détériorer dans des situations conflictuelles . Ces situations, incitent la mise en place d’un arbitre déféré sous le nom d’État et qui est apte à réglementer, à sanctionner, et à prescrire les droits de chaque sociétaire. Ce mécanisme de médiation s’installe dans la mise en œuvre de l’institutionnalisation des appareils administratifs qui encadre un système étatique. Dans ce système étatique, on trouve tout un organigramme de structures hiérarchiques régulés autour d’une législation constitutionnelle , délimitant et définissant s’il s’agit d’une république, le cha...

Suspension des cours à IERAH depuis 3 semaines, les étudiants exigent de meilleures conditions d’apprentissage

  Actualité Haïti-Éducation Crédit photo : twitter Nous sommes déjà à la 3 e semaine du mois de décembre, et jusqu’à maintenant les cours restent encore paralysés au local de l’Institut d’Études et de Recherches Africaines en Haïti (IERAH).Une décision  qui, d’après certains étudiants est prise par les membres du décanat de cette faculté de l’Université d’État d’Haïti (UEH) suite aux diverses protestations soulevées résumant l’ensemble des problèmes rencontrés par ces derniers, après un avis sorti en novembre 2021 par le décanat de cet institut précisant que les frais d’immatriculation pour l’année universitaire 2021-2022 sont passés de 1000 gourdes à 2000 gourdes. Sièges vides, espace toujours ouvert, des jets de pierres à l’entrée de la barrière servant d’embuscade pour  concrétiser leur mouvement, des brûlures de feu de pneus partout dans la cour avec divers mots de revendications sur les murs de cette entité ; sorti du silence, ce mouvement potestatif ...