Ayiti-sosyete
Nan koumansman lane 2021 an, depi nan ouvèti mwa janvye, peyi d Ayiti ap fè fas ak yon fenomèn gravman grav, rate gaz la, ki vin yon fè regilye vizavi de abitid li kite lakay anpil moun nan popilasyon ayisyèn nan. Koze sila ki vin sanse tounen yon gwo aktivite komèsyal menmjan ak anpil lòt ki rapòte kòb, rive pran peyi d Ayiti pou li soti fen jiyè pou rive mwa dawou 2021 an nan kapital la ak nan zòn pwovens yo, e ki vin ap vann nan galon nan plizyè kote nan Pòtoprens, nan yon pri byen chè ki koute 4 ak 5 fwa lavalè kòb anpil moun ki gen machin prive oubyen piblik konn achte li nan ponp gaz yo. Tousuit apre, sa te vin rive pran yon souf ak sipò Lapolis nasyonal la te pote nan mwa dawou a pou demaske raketè tout plim tout plimay k ap vann gaz pou asosye yo ki sitou ap travay nan ponp gaz yo. Sepandan, anviwon de semenn poko pase sou sa, menm viris sosyal sa retounen ankò pou pi rèd nan peyi a nan mwa septanm nan, nan tout 10 depatman peyi a ; kote fwa sa se nan kèlke semenn anvan rantre lekol la.
« Galon jon oubyen blan nan men, machin kou motosiklèt aliyen youn dèyè lòt, nan yon animasyon san parèy kote youn lòt ap esesye rantre kò yo ak fòs nan yon liy anba plizyè ponp nan Kapital la », yon lòt fwa ankò fenomèn pa gen gaz la fè parèt tèt li sou ti bout tè papa Desalin nan pou mwa septanm 2021 an. Yon koze ki pa sispann repete epi paralize anpil gwo tonton sektè aktivite nan lavi nasyonal la, pou n site : komès, lekòl, transpò, elatriye. Sa ki vin tounen yon maladi mansyèl k ap fè pale de li toupatou pa bò isit lè l fè parèt tet li.
Repete chak mwa nan yon ane pa bò isit lakay nou, fenomèn sila ki vin parèt yon abitid sosyal kote majorite popilasyon an, se youn nan konsekans negatif kesyon ensekirite a akouche apre zak kidnapin nan k ap vale teren nan sosyete nou an jounen jodi. Dapre anpil moun, koze sila vin pran chè sa gen kèk lane ak kesyon ensekirite ki poze nan Matisan an, ki lakoz baril gaz yo paka rive travèse zòn sila pou ateri nan kapital la. Poutan anpil lòt bò kote pa yo fè konnen se ta pito yon fè politik kote sila ki gen gaz yo, mèt peyi yo, ki rive kreye yon kriz pou tout ponp ka fèmen pòt yo, pou yo lib pou yo fè kontrebann pi byen ak gaz la, epi mete plizyè chalatan nan lari, an majorite devan rantre ponp gaz yo ak doum oubyen galon nan men pou vann pyès enpòtan sila, gazolin ak pwopàn pa galon 2, 3, 4 ak 5 fwa valè kob ponp yo konn vann galon yo.
Mete sou sa, koze pa gen gaz la ki vin yon mwayen pou anpil moun plen pòch yo nan sosyete ayisyèn nan ak komès vann gaz pa galon an, gen lòt efè segondè toujou, tankou : pri manje ak kous machin yo ki moute plis, kous motosiklèt ki moute tèt nèg, san konte taks ki ajoute sou divès lòt kalte byen ak sèvis n ap itilize pa bò lakay pa nou. Se sak fè depi pwoblèm sila poze anpil ponp ak yon pakèt lòt antrepriz prive toujou fèmen pòt yo akoz gaz yo pa genyen pou yo fonksyone. Sa ki pou anpil moun se yon siy yo itilize pou montre peyi a pa lwen bloke .
Si nan tan lontan gazolin te fèt pou vann nan ponp sèlman, yon konte espesyal ki fèt pou sa, ebyen jounen jodi pwodui sila pa gen yon kote fiks ki rezève pou yo vann li sitou lè peryòd rate gaz yo poze sou ti bout tè sila ki dèfwa se youn nan konsekans pwoblèm ensekirite a poze depi dènye ane sa yo ak kesyon zòn Matisan an bandi bloke a, sa ki lakoz baril gaz yo paka rive nan rès vil yo . Yon dosye ki pwouve aklè yon lòt fwa ankò feblès Leta a ak fòs lòd yo pa bò isit lakay nou. Sa ki sanzatann vin akouche yon fwa anplis yon rate gaz pou debi mwa septanm 2021 an, 2 semenn anvan ouvèti lekòl la nan premye vil peyi a.
Otè : Christina J. VILMÉ
Ribrik : Tikras lapawòl
extensivepressehaiti@gmail.com
Comments
Post a Comment