Skip to main content

MANMAN PA M, MANMAN PA W, MANMAN NOU


Yon manyè jeneral daprelwa natirèl ak disposzisyon biyolojik ki egziste, chak moun ki fèt sou latè gen yon orijin familyal, sa ki vle di gen yon manman, yon sous matènite ki fè l, se sak fè lè n ap pale de sous sila swa nan rapòte yon fè, nan fè lwanj oubyen plis esplike yon istwa sitou nan langaj nou pa bò isit, nou toujou pale konsa " manman pa m, manman w, manman pa nou" ;  sa ki esplike klè kou dlo kokoye pawòl anvan yo. Men se toujou nan menm liye sa tou, chak moun sou latè gen yon fason pwòp yo wè manman pa yo, e tout sa depann de kantite mizè moun sila te andire ak li depi toupiti, epi jan moun sa trete l tou. 


Nan sosyete pa nou, manman yo se pi souvan madan sara gwosis ou detayan, sèvant kay madanm, fanm dèyè biwo, chofè elatriye. Nou chak pa bò isit gen yon kondisyon espesifik, yon sitiyasyon manman nou te chwazi brave pou l leve nou. Nenpòt jan sa ye, bon tan kou move tan fòk li soti pran lari pou l rantre ak yon kichòy.

Anpil fwa, yo konn gen youn, de, oubyen plizyè pitit san papa sou reskonsabilite yo.  Fanm sila yo toujou ap bat tèt yo kou mèt Janjak pou leve pitit yo, nan dòmi nan machin, dòmi sou do kamyon nan fredi, pran move betiz ak malonèt nan men moun chak jou Bondye mete, sa rive tou anpil nan yo sibi maltrèt ak tout lòt vye zak malonèt. Epi anpil fwa tou, pitit yo gen abitid fè sa ki pa fè kè yo kontan, pou kòlè ak move san tiye yo.

Konsa tou, anpil nan yo konn andikape, sa ki konn fè yo parèt envisib san valè nan fanmi yo oubyen plis nan peyi isit. Menm pitit yo konn rive minimize yo, abandone yo tou, sa ki fè timoun sa parèt engra anvè manman li. 

Anmenmtan tou, yo konn di yo se reskonsab anpil move zak jèn ap komèt jounen jodi a nan sosyete a, nan sitirans yo te konn bay, sa yon pakèt moun rele manman sansib oubyen tou manman kè nan men.

Manman pa m gen karakteristik pa l ki fè l bon pou mwen, manman pa w gen karakteristik ou renmen lakay li ki atire w renmen l plis toujou, se sak fè nou tout pa jan m gen menm pwojè pou manman nou.

Rich kou pòv,  nwa kou milat, cheve grenn kou swa, manman pa m ap toujou diferan de pa w, men sa p ap anpeche yo pote menm sounon jeneral sa ki se "manman".  Ak kado, san kado, nou tout nan fason pa nou toujou fete manman pe enpòt sa ki te ka rive, manman pa m ak pa w ap toujou rete manman. 


Anfen, chak moun gen manman pa yo, chak moun gen yon jan yo wè manman yo, rich kou pòv, nwa kou grimèl, kout kou wo, gwo kou mèg. Nou tout toujou gen yon apresyasyon espesyal pou li. Andikape ou pa yo toujou rete manman. Valorize l, renmen l, pale de li, ede l toutotan ou ka fè sa piske ou pa janm konn jou lavi ap bout ak nou. Moutre l li enpòtan, se nimewo 1 nan tout bagay. E se pa pou san rezon y ap plede chante tout tan yon moso manman se yon moso ki chè. Malgre sa ki egziste swa bò manman pa m, pa w, yo tout se manman.


Tèks sa ak videyo sila se pou madame TELUSCA 💖💖💖

Otè :  Christina J.VILMÉ.

Tèks 5, espesyalite fèt manman

extensivepressehaiti@gmail.com

Comments

Popular posts from this blog

TRADISYON FÈT MANMAN

Otè : Christina Juliana VILMÉ Menmjan ak tout lòt fèt, fèt manman an gen orijin pa l tou.  Dapre sa listwa rakonte, fèt sila rive pran nesans nan mitan ansyen sosyete ki te egziste nan tan lontan yo, sitou avèk sivilizasyon ki t ap evolye nan epòk sila. Toujou nan menm lanse sa, yon ansanm enfòmasyon retrase yon bon kantite demach ki pèmèt fèt sa rive akouche jounen jodi, jiskaske l menm vin rive gen yon jou espesyal pou yo selebre li. Nan ka sila, ansanm ansanm ann foure zo plis nan kalalou pou n wè kote kokenn chenn selebrasyon sa sòti . Si n ap elaji kad sila, dapre sa listwa rapòte, tradisyon fèt manman an pran orijin li nan mitoloji grèk la, kote nan Lagrès antik nan sezon prentan, popilasyon sila te konn onore deyès " Rhéa " oubyen ankò " Cybèle " non yo ba li nan mitoloji women an. Deyès sila te renmen ak yon frè l ki rele " Cronos " epi pitit li yo te rele " Hestia, Déméter, Héra, Hadis, Poséidon  epi Zeus ". Pawòl yo menm al pi lwen ...

LES 230 ANS DE LA CÉRÉMONIE DU BOIS CAÏMAN

L'histoire retient "Bois Caïman" comme patrimoine, monument historique de l'histoire de la colonie de Saint-Domingue, Document non écrit et grand artisant de la proclamation de l'indépendance haïtienne en 1804. Faite en date du 14 août 1791 sous l'aubédience de Dutty Boukman prêtre de vodou né vers 1767 dans la région de la Sénégambie (aujourd'hui Sénégal et Gambie). Capturé, il est vendu puis acheminé vers les Caraïbes principalement à Jamaïque  avant d'être expédié vers Haiti. Esclave de la plantation Turpin dans la plaine du Nord de Saint-Domingue,  Il est d'une haute taille et d'une force physique sans égale telle que, son maître l'a nommé commandeur (c'est-à-dire contremaître), puis cocher poste de confiance. (https://fr.m.wikipedia.org/wiki/) Dans la nuit du 14 août 1791 il a fait réunir les insurgés noirs de la colonie à Bois Caïman lieu reculé de la plantation Lenormand de Mézy dans une cérémonie vodouesque visant à soulever les...

Bienvenue à votre rubrique tant attendue Aki-kilti.

  Aki-kilti Bonjour/ bonsoir à toutes et à tous. J'espère que vous allez super bien grâce à Dieu. Encore une fois pour aujourd'hui, Aki-kilti est à vos portes pour une toute nouvelle ballade. Alors c'est parti !  "If i die young" Si je meurs jeune «  If I Die Young  » est une chanson écrite par Kimberly Perry et enregistrée par le trio de  musique country  américain  Band Perry  . Il est sorti le 8 juin 2010 en tant que deuxième single du  premier album éponyme du groupe  , sorti le 12 octobre 2010. "Si je meurs jeune" Unique par la bande Perry de l'album The Band Perry Publié 8 juin 2010 Genre Pays pâturin Longueur 3:43 (version album) 3  :  35  (mélange simple pop) Étiqueter République Nashville Auteur(s)-compositeur(s) Kimberly Perry Producteur(s) Nathan Chapman Paul Worley La chronologie des singles du groupe Perry "  Hanche à mon coeur  " (2009) "  Si je meurs jeune  " (2010) "  Tu mens  ...