Skip to main content

JIS KILÈ AYITI AP GEN KOURAN 24/24 TOUT BON VRE ?

 AYITI: ELEKTRISITE

Depi yon bon bout tan, zafè kouran nan peyi d Ayiti reprezante yon kokenn tèt chaje pou ayisyen kap viv lakay. Anplis, se youn pami pakèt kalamite k ap ravaje lavi sosyal peyi a chak jou Bondye mete pandan n ap fè konnen se youn nan peyi nan kontinan Amerik la ak zòn Karayib la kote solèy la pi cho, pi regilye, se peyi tou ki posede anpil flèv ak rivyè ki ta kapap sèvi pou founi kouran nan tout etandi teritwa nasyonal la.

Yon fason jeneral, enèji renouvlab, (dlo, van, solèy) kèlkeswa tip li se yon eleman esansyèl nan lavi chak grenn sitwayen san eksepsyon. Se tip de sous enèjetik ki bay yon pakèt avantaj nan ansanm posiblite yo ofri lèzòm pou transfome yon fason pou yo tire de yo lòt sous enèji ankò tankou enèji elektrik pou n site sa sèlman.

Epoutan, pa bò isit se kòmsi solèy, dlo, van se sèlman travay menaje yo la pou fè tèlman itilizasyon yo fèt mal. Jan pwovèb la di l, "nou pa wè pi lwen pase pwent nen nou"; (men se Leta wi ki ta dwe kontwole zafè kouran nan peyi a) kreyòl pale, kreyòl konprann. Nan plen venteyinyèm syèk, Ayiti se youn nan ra peyi kote moun chak fwa yo bay li timoun kou granmoun sote ponpe "we! yo bay kouran".

Yon ti peyi, 27 750 km², poutan prèske tout bagay ladann ap fonksyone ak doub vitès, zafè kouran an menm, se sa nèt. Gen zòn se chak 2 semèn yo wè l, gen lòt se chak mwa li fè yon parèt, genyen menm se chak jou menm si lè l vini li pa rete, men konsa tou gen de kote se tankou sòsyè li ye, koul minui li voup li parèt senkè di maten li fouch lale men se yon sèl enstitisyon Leta ki responsab koze kouran wi souple, EDH.

Nou p ap bliye tou peyi sa n ap pale de li a dènye prezidan ki te mennen bak li a te pase prèske tout tan l te fè vivan sou pouvwa soti 7 fevriye 2017 bout 7 jiyè 2021 ap kleronen tout kote l pase avan manda l fini fòk tout peyi a gen kouran 24/24. 7 fevriye 2022 t ap fè l senkan manda l t ap bout pou l te ale kite tout peyi a limen, men domaj depi 7 jiyè "mèsenè" antre sasinen l lakay li nan Peleren 5. Ala ti peyi devenn !

Fòk nou di tou, problèm blakawout (black-out) la souvan itilize kòm mato pou anfonse klou ensekirite a ki chak jou moutre l pi sanglan nan fason l enkyete popilasyon an ki antoure ak moun ki gen zam ilegal nan men yo k ap simen latwoublay tribòbabò. Jovnèl Moyiz (Jovenel Moïse) mouri asasinen 7 fevriye, 19 dawout direktè an chèf Michèl Prezime (Michel Présumé) li te plase nan tèt Elektrisite d Ayiti, anpil moun pa t twò renmen fòm tèt li (manm sendika enstitisyon li t ap dirije a) lave men l tankou pilat lè l anonse sou kont Twitter l li demisyone.

Se direktè a ki pa t bon? Pwoblèm pa gen kouran an renye pou pi bèl, vil yo fènwa tankou lank, zèfèyis tout kouch, tout plimay  sèmante yo p ap lache yon may, brèf, pèp la kontinye nan tchouboum. Jiskilè la jou pou Ayiti pou limyè pran plas li tout bon vre nan kat kwen peyi a?


Otè : Mikenson MERZIL

Ribrik : Tikras Lapawòl

extensivepressehaiti@gmail.com


Comments

Popular posts from this blog

TRADISYON FÈT MANMAN

Otè : Christina Juliana VILMÉ Menmjan ak tout lòt fèt, fèt manman an gen orijin pa l tou.  Dapre sa listwa rakonte, fèt sila rive pran nesans nan mitan ansyen sosyete ki te egziste nan tan lontan yo, sitou avèk sivilizasyon ki t ap evolye nan epòk sila. Toujou nan menm lanse sa, yon ansanm enfòmasyon retrase yon bon kantite demach ki pèmèt fèt sa rive akouche jounen jodi, jiskaske l menm vin rive gen yon jou espesyal pou yo selebre li. Nan ka sila, ansanm ansanm ann foure zo plis nan kalalou pou n wè kote kokenn chenn selebrasyon sa sòti . Si n ap elaji kad sila, dapre sa listwa rapòte, tradisyon fèt manman an pran orijin li nan mitoloji grèk la, kote nan Lagrès antik nan sezon prentan, popilasyon sila te konn onore deyès " Rhéa " oubyen ankò " Cybèle " non yo ba li nan mitoloji women an. Deyès sila te renmen ak yon frè l ki rele " Cronos " epi pitit li yo te rele " Hestia, Déméter, Héra, Hadis, Poséidon  epi Zeus ". Pawòl yo menm al pi lwen ...

LES 230 ANS DE LA CÉRÉMONIE DU BOIS CAÏMAN

L'histoire retient "Bois Caïman" comme patrimoine, monument historique de l'histoire de la colonie de Saint-Domingue, Document non écrit et grand artisant de la proclamation de l'indépendance haïtienne en 1804. Faite en date du 14 août 1791 sous l'aubédience de Dutty Boukman prêtre de vodou né vers 1767 dans la région de la Sénégambie (aujourd'hui Sénégal et Gambie). Capturé, il est vendu puis acheminé vers les Caraïbes principalement à Jamaïque  avant d'être expédié vers Haiti. Esclave de la plantation Turpin dans la plaine du Nord de Saint-Domingue,  Il est d'une haute taille et d'une force physique sans égale telle que, son maître l'a nommé commandeur (c'est-à-dire contremaître), puis cocher poste de confiance. (https://fr.m.wikipedia.org/wiki/) Dans la nuit du 14 août 1791 il a fait réunir les insurgés noirs de la colonie à Bois Caïman lieu reculé de la plantation Lenormand de Mézy dans une cérémonie vodouesque visant à soulever les...

Bienvenue à votre rubrique tant attendue Aki-kilti.

  Aki-kilti Bonjour/ bonsoir à toutes et à tous. J'espère que vous allez super bien grâce à Dieu. Encore une fois pour aujourd'hui, Aki-kilti est à vos portes pour une toute nouvelle ballade. Alors c'est parti !  "If i die young" Si je meurs jeune «  If I Die Young  » est une chanson écrite par Kimberly Perry et enregistrée par le trio de  musique country  américain  Band Perry  . Il est sorti le 8 juin 2010 en tant que deuxième single du  premier album éponyme du groupe  , sorti le 12 octobre 2010. "Si je meurs jeune" Unique par la bande Perry de l'album The Band Perry Publié 8 juin 2010 Genre Pays pâturin Longueur 3:43 (version album) 3  :  35  (mélange simple pop) Étiqueter République Nashville Auteur(s)-compositeur(s) Kimberly Perry Producteur(s) Nathan Chapman Paul Worley La chronologie des singles du groupe Perry "  Hanche à mon coeur  " (2009) "  Si je meurs jeune  " (2010) "  Tu mens  ...