Skip to main content

FASON NOU FETE MANMAN AN AYITI

Pa bò isit, nan peyi nou Ayiti, chak dènye dimanch mwa me nou gen fason pa nou nou fete manman, kit li rich oubyen pòv. Se pou sa nou konsidere fèt sa tankou yon kokenn chenn selebrasyon, si n ap gade valè mizè fanm isiba pase, malgre tray yo toujou kontre sou chimen lavi, kekseswa  kot fanmi oubyen nan espas sosyal y ap frekante chak jou Bondye mete :  travay yo, vwazinay yo elatriye. Se pou sa, nan tradisyon pa nou, gen yon ansanm istwa ak kritè ki makonnen epi ki pèmèt nou fete sous matènite nou yo yon jan pwòp ak kilti nou.


Toudabò, premye prensip nou toujou respekte pa bò lalay nou se, menmsi yon manman mouri li toujou gen plas li nan sosyete a, sitou si yo te koumanse fè valè yo deja , epi se sa k fè senbòl nimewo en nan prensip nou etabli pou anbyans sila se yon règ tradisyonèl ki fè konnen : " flè blanch pou manman ki mouri epi flè wouj pou manman ki vivan toujou", sa ki pwouve lakay pa nou menmsi fanm vanyan sa yo mouri , yo toujou vivan nan memwa nou. Anpil fwa, sa konn rive tou,  jou sila anpil pitit deside rann manman yo vizit sou tonm yo, oubyen ankò anpil mari pwofite al pale ak manman pitit yo nan kavo kote yo ye a, swa pou fè memwa yo ak bèl pawòl souvni, epi mete yon bouke flè nan espas sila yon fason pou yo moutre nan ki nivo moun ( fanm) sila te enpòtan nan vi yo, kouman li manke yo. Toutpandan,  vizit sila yo toujou akonpaye ak lòt detay tankou foto souvni...ki, anpil fwa fini ak yon souri oubyen dlo nan je, sa ki rezime ak sitiyasyon moun sila ap viv san zo kòt li a ki se manman pitit li.

Pandansetan, pou sila ki vivan yo, se yon lòt koze. Toujou byen bèl, byen abiye, bouch glose oubyen plis woze, abiye byen banda, bèl kout peny, chèlbè kou Lapolòy ,yo chak nan fason pa yo ak divès kalte koulè flè nan lestomak rad yo oubyen nan tèt yo( wouj,vèt, ble...) anpil nan yo nan jou sila a wè yo yon lòt fason. Nan peyi nou, nou toujou akòde priyorite ak potorik fanm sila yo nan tout sa n ap fè, swa nan legliz, machin, nan lari... Kote pi souvan nan dat sa nou toujou tande pawòl sa plis nan bouch mesye yo" jodi a se fèt yo wi frè m, fòk nou mete yo alonè", sa ki ta rann menmsi yo fache, yon souri leve sou vizay yo. 

Anplis menmsi mwa me se mwa flè, se pa sèlman flè nou konn ofri manman yo pa bò isit. Gen anpil lòt kado tankou :  sa moun nan renmen plis la, oubyen yon kat, yon mont, yon sòti, yon chèn, goumèt, lajan ak divès kalte lòt sipriz ankò. Anpil fwa, papa yo konn achte kado yo epi bay pitit la pote l bay manman l, yon fason pou toujou fè yo konprann manman yo se vàn lavi Bondye ba yo. Menmsi gen kèk ladan yo ki toujou nan detrès nan jou sila, swa si l te pèdi yon pitit li, oubyen tou si mari l ak pitit li pa respekte l, epi fèl wè l pa enpòtan pou yo.

Malgre lavi a pa fasil sou teritwa nou, sa pa anpeche n pou n bay manman yo kado, piti kou l ye, piske yon sous lavi ap toujou rete yon sous lavi. Konsa tou, anpil bèl chante manman toujou toupatou nan radyo san konte lòt ti aktivite plezi yo toujou òganize nan lonè yo.


Boutanfen, chak peyi nan lemonn gen fason pwòp pa yo pou yo fete fanm sa yo, kit yo rich oubyen pòv, nwa oubyen wouj, madan marye oubyen fanm deyò, men lesansyèl se reponn ak reskonsabilite yo kòrèkteman. Akote flè,  sirèt anpil lòt kado konn rive jwenn yo toujou nan lide pou fè yo viv enpòtans yo sitou nan jou sila. Si chak kote gen jou pa yo ak kado pa yo pou selebrasyon enpòtan sila, epi si manman nan tout peyi toujou rete manman, pa bò isit sou bout tè pa nou an tout manman nou yo se boul lò.

Autrice: Christina J. VILMÉ

Tèks 4, espesyalite fèt manman

extensivepressehaiti@gmail.com

Comments

Popular posts from this blog

TRADISYON FÈT MANMAN

Otè : Christina Juliana VILMÉ Menmjan ak tout lòt fèt, fèt manman an gen orijin pa l tou.  Dapre sa listwa rakonte, fèt sila rive pran nesans nan mitan ansyen sosyete ki te egziste nan tan lontan yo, sitou avèk sivilizasyon ki t ap evolye nan epòk sila. Toujou nan menm lanse sa, yon ansanm enfòmasyon retrase yon bon kantite demach ki pèmèt fèt sa rive akouche jounen jodi, jiskaske l menm vin rive gen yon jou espesyal pou yo selebre li. Nan ka sila, ansanm ansanm ann foure zo plis nan kalalou pou n wè kote kokenn chenn selebrasyon sa sòti . Si n ap elaji kad sila, dapre sa listwa rapòte, tradisyon fèt manman an pran orijin li nan mitoloji grèk la, kote nan Lagrès antik nan sezon prentan, popilasyon sila te konn onore deyès " Rhéa " oubyen ankò " Cybèle " non yo ba li nan mitoloji women an. Deyès sila te renmen ak yon frè l ki rele " Cronos " epi pitit li yo te rele " Hestia, Déméter, Héra, Hadis, Poséidon  epi Zeus ". Pawòl yo menm al pi lwen ...

LES 230 ANS DE LA CÉRÉMONIE DU BOIS CAÏMAN

L'histoire retient "Bois Caïman" comme patrimoine, monument historique de l'histoire de la colonie de Saint-Domingue, Document non écrit et grand artisant de la proclamation de l'indépendance haïtienne en 1804. Faite en date du 14 août 1791 sous l'aubédience de Dutty Boukman prêtre de vodou né vers 1767 dans la région de la Sénégambie (aujourd'hui Sénégal et Gambie). Capturé, il est vendu puis acheminé vers les Caraïbes principalement à Jamaïque  avant d'être expédié vers Haiti. Esclave de la plantation Turpin dans la plaine du Nord de Saint-Domingue,  Il est d'une haute taille et d'une force physique sans égale telle que, son maître l'a nommé commandeur (c'est-à-dire contremaître), puis cocher poste de confiance. (https://fr.m.wikipedia.org/wiki/) Dans la nuit du 14 août 1791 il a fait réunir les insurgés noirs de la colonie à Bois Caïman lieu reculé de la plantation Lenormand de Mézy dans une cérémonie vodouesque visant à soulever les...

Bienvenue à votre rubrique tant attendue Aki-kilti.

  Aki-kilti Bonjour/ bonsoir à toutes et à tous. J'espère que vous allez super bien grâce à Dieu. Encore une fois pour aujourd'hui, Aki-kilti est à vos portes pour une toute nouvelle ballade. Alors c'est parti !  "If i die young" Si je meurs jeune «  If I Die Young  » est une chanson écrite par Kimberly Perry et enregistrée par le trio de  musique country  américain  Band Perry  . Il est sorti le 8 juin 2010 en tant que deuxième single du  premier album éponyme du groupe  , sorti le 12 octobre 2010. "Si je meurs jeune" Unique par la bande Perry de l'album The Band Perry Publié 8 juin 2010 Genre Pays pâturin Longueur 3:43 (version album) 3  :  35  (mélange simple pop) Étiqueter République Nashville Auteur(s)-compositeur(s) Kimberly Perry Producteur(s) Nathan Chapman Paul Worley La chronologie des singles du groupe Perry "  Hanche à mon coeur  " (2009) "  Si je meurs jeune  " (2010) "  Tu mens  ...