Skip to main content

FANM VANYAN

Fanm ki gwòs, li ki bay lavi, bay tete ak anpil lòt bagay ki site nan ouvèti sa a, se youn nan kreyati ki jwe pi gwo wòl nan sosyete a. Enpòtans èt imen sila yo genyen nan yon sosyete fè yo atribyen yon pakèt sounon onorifik ak yo tankou: fanm-djanm, manman-lavi, poto-mitan, fanm-vanyan elatriye.


Yo rele fanm Vanyan yon seri de fanm ki prezante yon bann karaktè an jeneral tout moun pa genyen. Kategori sila a etabli kò l tout kote sou latè. Sitou lè nou konsidere enplikasyon kèk nan yo nan anpil gwo konba politik ak ekonomik. Men genyen tou, san se pa zafè politik ki angaje yo pran de kokenn-chenn inisyativ sitou nan zafè lafanmi ak levasyon pitit.

N ap raple, depi nan tan lontan fanm te toujou gen valè espesifik li anndan tout sosyete yo. Malgre nan pi ansyen tan yo, pou n pale de (moyen âge), fanm nan te konsidere tankou tout objè pa rapò ak jan gason te panse se yo menm ki sèl kòk chante. Wòl fanm nan se te fè pitit ak fè travay domestik nan kay. Men, plis tan an t ap evolye (Renaissance), selebrite medam yo tap pran yon lòt dimansyon jiskaske mouvman feminis la nan mitan 19 vyèm syèk te vin met kreyati sa a sou yon lòt ray.

Nan peyi pa nou (Ayiti), sa parèt fasil pou klasifye medam yo selon diferan tach ak aktivite yo antreprann nan mitan sosyete a. Men si n ta konsidere kèlkeswa jan klasifikasyon an ta fèt tout fanm ap toujou rete fanm Vanyan, fanm Djanm, Poto-mitan, Manman-lavi, n ap rann nou kont li pa twò enpòtan pou ta antre nan lojik sa a.

Paske, se vre tout fanm p ap janm ka gen menm konsepsyon, yo tout p ap gen menm apwòch sou dewoulman lavi an jeneral men se pa yon rezon ki pou fè youn enferyè pa rapò ak lòt, piske sou plan espesifik chak moun gen karaktèristik pa yo. Se sa k fè li t ap bon si chak fwa nou ta gen pou n kilpabilize yon fanm, konpare l ak yon lòt ou minimize l pa rapò ak yon lòt, prensip nimewo 1 an se ta dwe pote konsiderasyon yo sou aspè kote se yo menm apre Bondye ki bay lavi isiba.

Nan sans sa a, pa gen ni fanm nwè ni fanm jòn, ni fanm lespri ni fanm sòt, ni fanm lavil ni fanm nan mòn. Verite a se paske tout pitit fè 9 mwa nan vant yon fanm, tout fanm ki fè pitit gen yon sèl fason yo rele yo ki pa lòt se "Manman". Tout moun konnen kisa sa vle di  yon fanm ki gwòs. Pa gen moun ki pa konnen ki danje ak soufrans ki genyen nan akouchman epi ki kantite travay ki genyen nan pran swen pitit soti nan gwosès, pase nan bay tete, rale sou vant ak sou jenou pou rive nan kenbe ke rad manman pou aprann mache san konte tout rès gwo etap yo.


Se sa ki fè chak moun k ap viv dwe gen rekonesans sa, fanm se  yon motè, yon ògàn endispansab ki merite anpil respè, anpil lanmou ak valè. Paske se yo ki bay lavi, se yo ki konnen soufrans ak doulè pitit. San yo lemond te ka toujou mond, men lè sa lavi te ka pa ekziste. Respekte fanm se respekte Bondye ki bay souf lavi a, paske fanm se kado Kreyatè bay limanite pou fèl bèl ansanm ann di viv manmanm ki se yon fanm Vanyan, viv manman w ki se youn, viv manman l ki se yon lòt, viv manman nou tout ki se yon pakèt fanm Vanyan.

Auteur: Mikenson MERZIL

Tèks 3 espesyalite fèt manman

extensivepressehaïti@gmail.com

Comments

Popular posts from this blog

TRADISYON FÈT MANMAN

Otè : Christina Juliana VILMÉ Menmjan ak tout lòt fèt, fèt manman an gen orijin pa l tou.  Dapre sa listwa rakonte, fèt sila rive pran nesans nan mitan ansyen sosyete ki te egziste nan tan lontan yo, sitou avèk sivilizasyon ki t ap evolye nan epòk sila. Toujou nan menm lanse sa, yon ansanm enfòmasyon retrase yon bon kantite demach ki pèmèt fèt sa rive akouche jounen jodi, jiskaske l menm vin rive gen yon jou espesyal pou yo selebre li. Nan ka sila, ansanm ansanm ann foure zo plis nan kalalou pou n wè kote kokenn chenn selebrasyon sa sòti . Si n ap elaji kad sila, dapre sa listwa rapòte, tradisyon fèt manman an pran orijin li nan mitoloji grèk la, kote nan Lagrès antik nan sezon prentan, popilasyon sila te konn onore deyès " Rhéa " oubyen ankò " Cybèle " non yo ba li nan mitoloji women an. Deyès sila te renmen ak yon frè l ki rele " Cronos " epi pitit li yo te rele " Hestia, Déméter, Héra, Hadis, Poséidon  epi Zeus ". Pawòl yo menm al pi lwen ...

LES 230 ANS DE LA CÉRÉMONIE DU BOIS CAÏMAN

L'histoire retient "Bois Caïman" comme patrimoine, monument historique de l'histoire de la colonie de Saint-Domingue, Document non écrit et grand artisant de la proclamation de l'indépendance haïtienne en 1804. Faite en date du 14 août 1791 sous l'aubédience de Dutty Boukman prêtre de vodou né vers 1767 dans la région de la Sénégambie (aujourd'hui Sénégal et Gambie). Capturé, il est vendu puis acheminé vers les Caraïbes principalement à Jamaïque  avant d'être expédié vers Haiti. Esclave de la plantation Turpin dans la plaine du Nord de Saint-Domingue,  Il est d'une haute taille et d'une force physique sans égale telle que, son maître l'a nommé commandeur (c'est-à-dire contremaître), puis cocher poste de confiance. (https://fr.m.wikipedia.org/wiki/) Dans la nuit du 14 août 1791 il a fait réunir les insurgés noirs de la colonie à Bois Caïman lieu reculé de la plantation Lenormand de Mézy dans une cérémonie vodouesque visant à soulever les...

Bienvenue à votre rubrique tant attendue Aki-kilti.

  Aki-kilti Bonjour/ bonsoir à toutes et à tous. J'espère que vous allez super bien grâce à Dieu. Encore une fois pour aujourd'hui, Aki-kilti est à vos portes pour une toute nouvelle ballade. Alors c'est parti !  "If i die young" Si je meurs jeune «  If I Die Young  » est une chanson écrite par Kimberly Perry et enregistrée par le trio de  musique country  américain  Band Perry  . Il est sorti le 8 juin 2010 en tant que deuxième single du  premier album éponyme du groupe  , sorti le 12 octobre 2010. "Si je meurs jeune" Unique par la bande Perry de l'album The Band Perry Publié 8 juin 2010 Genre Pays pâturin Longueur 3:43 (version album) 3  :  35  (mélange simple pop) Étiqueter République Nashville Auteur(s)-compositeur(s) Kimberly Perry Producteur(s) Nathan Chapman Paul Worley La chronologie des singles du groupe Perry "  Hanche à mon coeur  " (2009) "  Si je meurs jeune  " (2010) "  Tu mens  ...