Skip to main content

ENPÒTANS MANMAN GENYEN

Otè :  Mikenson MERZIL

Yon fason jeneral, depi mond la te fin kreye, yo  rele manman sila ki bay nesans a yon lòt kreyati ki sanble ak li sou baz espesifik. Kreyati sila a plis sosyete yo t ap evolye nan kat kwen latè te fini pa enspire lèzòm enpòtans ak nesesite pou chwazi yon moman nan chak ane pou onore yo.


Nan kilti ayisyen an, se toujou dènye dimanch nan mwa me yo fete fèt sila a kote tout pitit pran plezi pou bay manman yo yon atansyon anplis nan lide pou pwouve l ak fè l santi enpòtans li genyen nan lavi yo chak, kijan kontribisyon l itil nan fè de yo sa yo rive ye nan lavi ak sa yo ka ye demen, men nan peyi tankou Etazini ak Kanada se dezyèm dimanch yo selebre gwo fèt sa a.

Yon moun espesyal, yon moun enpòtan, youn ki pa menm jan ak tout lòt moun, yon manman jan gwoup Zenglen an di l  : "se reprezantan letènèl sou latè" si nou konsidere aspè kote se yo ki ansent, pote chak pitit nan vant pandan 9 mwa avan pou l akouche bay nesans ak youn ou plizyè pitit. Nan kilti pa nou, anpil manman bay pitit yo manje apre 6 mwa nesans epi pou l kontinye ba l tete jiska 24 mwa, lontan yo te konn di se lèt manman ki bay timoun fòs. 

Manman se moun ki toujou pi sansib nan fanmi an, se pa moun k ap abandone pitit li konsa-konsa, se la ti pawòl "manman sèten..." an jwenn bon sans li. Se moun avan tikrik-tikrak zantray li te gentan ap rache, pou l gen fòs fòk kòd nan ren l mare sèt ne pou l sa kontinye jwe wòl bèje li. Se moun ki toujou pi prezan lè pitit li gen pwoblèm, li p ap pè soufri pou pitit li ka byen, menm si l grangou depi pitit li konble li satisfè. Genyen ki pran gwo inisyativ tankou fè lesiv, travay kay moun, fè komès leve bonè dòmi ta elatriye pou jwenn kichòy pou pote nan kay anba kout imilyasyon ak desepsyon, anba bouch sila ki panse l pi wo paske l gen ti mwayen. Sitou pou sila ki alafwa jwe wòl ni manman, ni papa yo. Kategori sa merite pou tout sosyete a ta retire chapo devan l pou jan okipasyon pitit nan yon sosyete tankou Ayiti se pa ti bagay piti. 

Manman senbolize lanmou, se moun ki bay direksyon an, se tou moun ki gen plis pasyans sitou nan met manje nan bouch ak souke fè dodo. Se pa moun k ap kite pitit li ap soufri devan je l. Se moun menm si l nan fon somèy li gen yon je ouvri sou pitit li, yon premye rèl sifi pou l reveye. Li se pi souvan moun ki pase plis tan nan kay la. Pa fwa menm si l fè gwo bri, pa enkyete w "manman poul pa janm beke pitit li jouk nan zo" se jis malè l ap evite. Ou poko janm wè anyen si w poko wè yon fanm kap lave oubyen okipe kepòt lòt tach ak pitit li sou bra l, sou janm li, oubyen koke nan do l.

Yon manman se yon moun tankou tout moun men ki gen yon enpòtans espesyal, se li k bay li, li se lanmou, kè kontan ak tout sa moun ta ka konsidere kòm pi chè. Se moun ki merite anpil respè, lanmou, onè ak pwoteksyon. Poukisa se yon grenn jou pa ane yo fete manman? Ki kote lide fèt sila a soti? Poukisa tout peyi pa fete l menm jou ?


Tèks ak videyo sila dedye ak madam Nacilia Dimanche 💖💖😘😘

Otè :  Mikenson MERZIL

Tèks1 espesyalite fèt manman

extensivepressehaiti.com

Comments

Popular posts from this blog

TRADISYON FÈT MANMAN

Otè : Christina Juliana VILMÉ Menmjan ak tout lòt fèt, fèt manman an gen orijin pa l tou.  Dapre sa listwa rakonte, fèt sila rive pran nesans nan mitan ansyen sosyete ki te egziste nan tan lontan yo, sitou avèk sivilizasyon ki t ap evolye nan epòk sila. Toujou nan menm lanse sa, yon ansanm enfòmasyon retrase yon bon kantite demach ki pèmèt fèt sa rive akouche jounen jodi, jiskaske l menm vin rive gen yon jou espesyal pou yo selebre li. Nan ka sila, ansanm ansanm ann foure zo plis nan kalalou pou n wè kote kokenn chenn selebrasyon sa sòti . Si n ap elaji kad sila, dapre sa listwa rapòte, tradisyon fèt manman an pran orijin li nan mitoloji grèk la, kote nan Lagrès antik nan sezon prentan, popilasyon sila te konn onore deyès " Rhéa " oubyen ankò " Cybèle " non yo ba li nan mitoloji women an. Deyès sila te renmen ak yon frè l ki rele " Cronos " epi pitit li yo te rele " Hestia, Déméter, Héra, Hadis, Poséidon  epi Zeus ". Pawòl yo menm al pi lwen ...

LES 230 ANS DE LA CÉRÉMONIE DU BOIS CAÏMAN

L'histoire retient "Bois Caïman" comme patrimoine, monument historique de l'histoire de la colonie de Saint-Domingue, Document non écrit et grand artisant de la proclamation de l'indépendance haïtienne en 1804. Faite en date du 14 août 1791 sous l'aubédience de Dutty Boukman prêtre de vodou né vers 1767 dans la région de la Sénégambie (aujourd'hui Sénégal et Gambie). Capturé, il est vendu puis acheminé vers les Caraïbes principalement à Jamaïque  avant d'être expédié vers Haiti. Esclave de la plantation Turpin dans la plaine du Nord de Saint-Domingue,  Il est d'une haute taille et d'une force physique sans égale telle que, son maître l'a nommé commandeur (c'est-à-dire contremaître), puis cocher poste de confiance. (https://fr.m.wikipedia.org/wiki/) Dans la nuit du 14 août 1791 il a fait réunir les insurgés noirs de la colonie à Bois Caïman lieu reculé de la plantation Lenormand de Mézy dans une cérémonie vodouesque visant à soulever les...

Bienvenue à votre rubrique tant attendue Aki-kilti.

  Aki-kilti Bonjour/ bonsoir à toutes et à tous. J'espère que vous allez super bien grâce à Dieu. Encore une fois pour aujourd'hui, Aki-kilti est à vos portes pour une toute nouvelle ballade. Alors c'est parti !  "If i die young" Si je meurs jeune «  If I Die Young  » est une chanson écrite par Kimberly Perry et enregistrée par le trio de  musique country  américain  Band Perry  . Il est sorti le 8 juin 2010 en tant que deuxième single du  premier album éponyme du groupe  , sorti le 12 octobre 2010. "Si je meurs jeune" Unique par la bande Perry de l'album The Band Perry Publié 8 juin 2010 Genre Pays pâturin Longueur 3:43 (version album) 3  :  35  (mélange simple pop) Étiqueter République Nashville Auteur(s)-compositeur(s) Kimberly Perry Producteur(s) Nathan Chapman Paul Worley La chronologie des singles du groupe Perry "  Hanche à mon coeur  " (2009) "  Si je meurs jeune  " (2010) "  Tu mens  ...